Sophia Saint Remy Martelly aprann ede moun depi li te tou piti, pandan plis pase 21 lane, li toujou kenbe angajman li bò kote pòv, moun ki pa gen gwo mwayen ak moun yo neglije yo. Li toujou jwenn sipò mari li, Michel ak timoun yo, konsa li angaje li nan aksyon imanitè. Sou wout, li mande kèk zanmi èd yo, sa ki pèmèt li rive reyalize kèk aktivite ki gen pou wè ak sosyal sèlman.

Sophia Martelly

Sophia Martelly

Mete sou sa, chak peryod Nwèl, yo toujou wè li swa ap distribiye manje bay moun ki nan bezwen, swa jwèt bay timoun ki soti nan fanmi ki pa gen mwayen ou byen atik twalèt bay fanm ki nan nesesite. Pou Sophia, solidarite ak pataj rann moun miyò.

Nan lane 2004, ak sipò mari li, AMCHAM ak PADF li mete sou pye epi òganize yon teleton ki ranmase 11,000,000.00 goud pou moun Mapou ak Fon Vèrèt ki te viktim nan inondasyon an nan mwa me 2004. Nan mwa novanm 2008, Prezidan René Préval te onore li epi ba li youn nan pi gwo distenksyon : « Od Nasyonal Onè ak Merit nan grad Chevalye » pou angajman ak sipò li te bay viktim yo lè lekòl Nerette ki Petyon-Vil la te tonbe sou yo a.

An janvye 2010, yon tranbleman tè ravaje Ayiti, plizyè santèn milye moun  mouri nan depatman Lwès ak Sidès. Pandan semèn ki vin aprè yo, Fondation Rose et Blanc kolekte epi distribye èd bay fanmi ki sinistre (manje, dlo, rad, kit ijyèn ak lòt pwodwi). Mete sou sa, pandan kriz kolera nan Latibonit, FREB mennen plizyè entèvansyon.

Anndan Fondation Rose et Blanc kote li se kowòdonatris epi youn nan moun ki te fonde li, disponiblite li ak lòt kalite li genyen pèmèt li mete angajman li ak pèseverans li disponib pou ede moun nan sosyete a ki nan bezwen.

Soti nan lane 2011 pou rive nan 2016, pandan prezidans mari li, rann miyò aksè ak swen sante pou moun ki plis nan nesesite yo te pi gwo priyorite li. Nan wòl Premyè Dam nan, li vin pi konfòtab paske sa pèmèt li gen aksè pou ede plis moun. Li te prezidant enstitisyon ki te responsab kowòdinasyon pwojè Fon Mondyal pou Sida, tibèkiloz ak malarya. Li te kontribye tou nan reflechi sou repons ki dwe bay rapidman ak twa maladi sa yo epi fasilite patisipasyon tout branch nan sosyete ayisyèn nan yon fason pou timoun yo te ka fèt nan jèm sida nan san yo. Li pat janm rate yon okazyon pou plede pou yon sistèm sante solid nan peyi Dayiti.

Madan Martelly kwè anpil ke « Ayiti twò rich pou l’ pòv », yon referans li toujou itilize pou montre tout resous peyi a genyen epi ak kantite sèvo li genyen. Jodia, Sophia Martelly bay tout tan li nan Fondation Rose et Blanc, kote l’ap kontinye mennen aksyon imanitè ak sosyal pandan l’ap ouvri kad entèvansyon yo k’ap pèmèt FREB amelyore pandan pi lontan kondisyon la vi popilasyon ki nan nesesite yo. Li enplike anpil nan plizyè pwojè ki gen pou wè ak edikasyon, anviwonman, lojman ak agrikilti.