Michel Joseph Martelly, senbòl nan Show bunisess ayisyen an pa bezwen moun prezante li epi tout moun konnen li pou gwo kontribisyon li bay mizik ayisyen an. Men, pou byen konprann vrè pèsonalite li, li enpòtan anpil pou w’ konprann lanmou li gen pou pwochen li.

Plizyè mizik Michel Martelly montre a klè kèk bagay k’ap domine li tankou sousi li genyen pou demen pwochen li.

Akoz siksè li, ki gen pou wè anpil ak popilarite li epi enpòtans kontribisyon li ki pa sispann ogmante, an septanm 2008, avèk Sophia, yo konvèti mouvman fanmiy lan an mouvman sosyal ki pote non « Fondation Rose et Blanc  (FREB)»

Talan mizisyen ak chantè li pouse li devan sèn nan, Michel pwouve tout moun ke bon kè li ak kontak li ka sèvi baz pou tout aksyon li yo ki pa gen anyen pou wè ak enterè pèsonèl. Yo fèt nan yon sèl lide : ede sa ki nan bezwen yo.