Robert Labrousse
Trezorye/Fondatè

Robert Labrousse, alyas Albèto, fèt Sen Mak, yon komin ki twouve li nan depatman Latibonit, se yon antreprenè anpil moun konnen nan sektè prive ayisyen an. Pandan trant (30) dènye ane yo, li dedye tout aktivite pwofesyonèl li nan mete sou pye « La Perle S.A. ». Endistri sa ki kreye travay nan bon jan anviwonman, fabrike pwodwi antretyen ak netwayaj pou mache ayisyen an.

Robert Labrousse

Robert Labrousse

Li enpòtan pou siyale kontribisyon « La Perle » nan byen popilasyon an. Konsa, aprè anons danje kolera nan peyi-a, antrepriz sa nan tèt kole ak patnè lokal epi entènasyonal yo (Dinepa, CDC ak OIM pou n’ site sa yo sèlman), Robert mete sou plas yon nouvo pwodwi « AquaJif », ki fèt espesyalman pou trete dlo moun ap itilize lakay yo, AquaJif la disponib depi 2 lane e li distribye sou tout teritwa ayisyen an.

Mete sou sa, òm dafè sa depi lontan, marye lavi li ak konsyans sosyal li kote li toujou kontribye nan diferan òganis k’ap desèvi sitwayen parèy li ki nan nesesite. Konsyans sosyal li ak bon kè li mennen li bay kontribisyon li ak òganis k’ap bay kominote kote l’ap viv bon jan sèvis .

Pou aktivite sosyal, ann site pakou li nan premye matènite Petyon-Vil, kote depi lè li kreye li te okipe youn nan pi gwo pòs yo : Trezorye. Aprè li deside antre nan « Mouvement d’Unité de la Communauté par l’Integration (MUCI) », yon koperativ ki la lontan ki bay tèt li pou misyon mete sou pye « Kizin solidarite » nan kapital la yon fason pou yo bay manje pou yon ti kras lajan. Nou pap bliye diferan inisyativ Albèto pran pandan li te vis prezidan Chanm Komès ak Endistri Ayisyèn

Fondation Rose et Blanc te vin prensipal misyon li depi menm kote li te fonde. Li te antre nan ekip la nan objektif pou repanse sou Ayiti. Li gen pòs trezorye a, moun k’ap jere mwayen ak motivasyon, k’ap asire li ke tout moun ak tout pati yo ap travay pou reyalize grenn objektif yo tout genyen an ki se : yon lavi miyò pou chak Ayisyen.