Fondation Rose et Blanc (Fondasyon Woz ak Blan) kreye nan yon sèl lide : rasanble tout Ayisyen pou yo gen yon sèl objektif : Rebati Ayiti. Pou sa fèt, li pran angajman pou ankouraje tout Ayisyen viv ansanm epi aksepte diferans youn lòt.

Aksyon imanitè

Depi anvan FREB te fonde fomèlman, fanmi Martelly te konn fè aktivite sosyal. Konsa, depi 1993, fanmi an te konn poze aksyon nan kèk zòn yo te kalifye « zòn Wouj ». Nivo ensekirite ki tabli nan zòn sa yo akoz pwoblèm sosyal ak ekonomi, pwoblèm sante, pwoblèm manje konn lakoz yo neglije yo.

Pandan fèt Nwèl ak fen lane, FREB toujou bay tèt li pou devwa pou l mache distribiye manje nan katye popilè yo tankou Site Solèy, ki te konsidere tankou zòn cho nan epòk sa yo.

Nan lane 2007, pandan preparasyon ap fèt pou lanse FREB fòmèlman, anpil aktivite t’ap òganize pou moun ki nan sitiyason difisil tankou : distribisyon manje pou moun ki nan bezwen nan Site Solèy, anba kouveti « Konbit lakay » nan tèt kole ak Wyclef Jean ki se fondatè Yele Haiti. Yon aktivite ki te gen anpil enpòtans kote te gen kòm envite espesyal Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki Moon ak ansyen Prezidan ameriken, Bill Clinton.

Pandan kèk lane, fanmi Martelly kontinye òganize aktivite sosyal yo (open house) yon fason pou reyini tout moun bò kote menm tab la epi pwopoze yon plan pou goumen kont difikilte tout moun ap rankontre nan menm sektè a. 10 septanm 2008, Fondation Rose et Blanc vin fòmèl.

Kèk tan aprè, lekòl « la promesse Evangélique » ki twouve li nan Nerette (Petyon-Vil) tonbe, sa ki te lakòz lanmò yon santèn elèv lekòl sa ak plizyè lòt te blese. Fondation Rose et Blanc se premye enstitisyon ki te sou plas pou pote kout men pa l’ epi Sophia Martelly, li menm, fè tout sa li kapab avèk pwòp mwayen li yon fason pou soulaje viktim yo ak paran yo.

Aprè, an desanm 2009, yon lane aprè lansman ofisyèl FREB, timoun nan plizye lokalite tankou Kafou Fèy, Petyon-Vil, Pegi-Vil ki te toujou rete youn nan priyorite mouvman, te kontan resevwa pwogram distribisyon jwèt pou timoun.

12 janvye 2010, yon kokenn chenn angajman

Tranbleman tè 12 janvye 2010 la ravaje yon bon pati nan popilasyon ayisyen nan, pi spesyalman moun nan lwès ak Sidès epi lakoz plizyè santèn milye moun mouri, plis pase yon milyon sitwayen ap viv anba nan tant.

Pandan semèn ki vini aprè pasaj tranbleman tè a, Fondation Rose et Blanc, ranmase èd epi pote kontribisyon li, kote li distribye manje, dlo ak lòt pwodwi bay moun ki sinistre yo. Soti janvye pou rive septanm 2010, FREB pat rete san travay,li te fè distribisyon nan plizyè kan ki te gen viktim. Mete sou sa, Fondasyon an fè plizyè entèvansyon nan latibonit pandan peryòd kriz kolera t’ap ravaje depatman sa.

2011-2015 : Rann miyò kondisyon lavi moun ki pa gen mwayen yo

Nan lane 2011, Michel Martelly vin prezidan peyi Dayiti. Pandan manda li, FREB kontinye tout aktivite li yo ki te vize pou ede, men fwa sa avèk yon lòt direktris nan tèt fondasyon an : Erika Rosenthal. Mete sou aktivite distribiye kado bay sa ki nan bezwen nan okazyon fèt Nwèl epi aktivite pou bay bourad pou rantre lekòl, Fondasyon an fe lòt aktivite tou tankou klinik mobil. Madam Rosenthal akonpanye fondatè yo nan chache pwojè ki gen pou wè ak moun y’ap sipòte : moun ki nan sitiyasyon difisil.

2016 pou rive jounen jodi-a : Fondasyon an vin pi dinamik

Nan lane 2016, Sophia Martelly mete li disponib konplètman pou Fondation Rose et Blanc epi kontinye soutni pwojè nan divès domèn patikilyèman aksyon imanitè ak sosyal, aktivite fòmasyon ak sansibilizasyon bò kote popilasyon ki plis nan bezwen yo.