Yon senp mouvman ki tounen yon Fondasyon

Sa gen plis pase 21 lane depi Fondation Rose et Blanc kreye nan peyi Dayiti kote fondasyon t’ap pouse tankou djondjon san ke yo pat vrèman pote okenn chanjman nan sitiyasyon mizè popilasyon an t’ap viv. Mouvman sosyal sa se inisyativ Sophia Martelly, piti li yo ak mari li, Michel, ki se mizisyen, chantè, ki popilè anpil.

Nan mwa septanm 2008, mouvman sa fanmi Martelly te mete sou pye a te tounen yon fondasyon epi li vin pote non Fondation Rose et Blanc. Depi lè sa, kontak komanse fèt ak sektè prive a, kèk biwo nan leta ak ONG yo, yon fason pou yo tout te ka mete ansanm pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen sou plan sosyal, sanitè epi ekonomik.

Depi lè li kreye, FREB pote sipò li bay moun ki nan sitiyasyon difisil yo nan plizyè depatman nan peyi-a.

Lè yo wè kòman piblik la akeyi FREB, pandan kèk lane, plizyè enstitisyon ak moun kap ede, deside pou pote sipò yo bay FREB ki bay tèt li  misyon ede moun ki nan bezwen yo.

Moun ki fonde Fondation Rose et Blanc
Sophia Martelly

Sophia Martelly

Michel Martelly

Michel Martelly